Agawou
LWA AGAWOU
1- AGAWOU TONNÈ
2- AGAWOU WEMEN
3- AGAWOU POTO KOLI
4- AGAWOU LEFAN
5- AGAWOU BÈT SANSAN
6- AGAWOU KONBLE
7- AGAWOU MENSENNEN
🎵Gwonde eeeh Gwonde eeeh Gwonde eeeh🎶
Agawou lefan an
Gwonde🎶
Rele Gwonde eeeh Gwonde eeeh
Agawou lefan🐘
Gwonde Pou na Ale eeh
🎵Gwonde eeeh Gwonde eeeh🎶 Gwonde eeeh Agawou.....🌬️🌩️⚡
🎼🎼🪘🥁🎼🎼
Agawou !!!
Agawou se youn nan Lwa vodou Ayisyen, li gouvènen nan van, loraj ak zèklè.
Prensipal rit li se Dahomey, Petro ak Rada.
Gen Agawou Mede, Agawou tonè, Agawou lefan, Agawou bèt sansan, Agawou Wèdo, Agawou Loray, Agawou zetwal, Agawou Zèklè... Men ki se menm enèji a sou diferan vibrasyon
Li kontrole lapli a ak ranpli pwi ak sous dlo yo. Lwa pwisan, trè fò e menm vyolan, li mande ke li ap envoke avèk respè ki pi gran an e li pini sevèman sila ki pa sèvi li kòrèkteman.Li fè la tè tranble lò li an kòlè e li fè gwo bri ki efreyan.
Lè lwa sa desann nan tèt yon sèvitè, li fè gwo bri tankou tonè pandan lap di byen fò se li ki tonè a🌬️🌩️🌊
Hougan/Mambo ki la dwe metrize fizikman moun ki posede lwa sa paske nan moman sila li gen yon gwo fòs ki surhumain lwa a enkane.
Yo konsidere li menm ak Ogou Balendjo se frè.
Yo salye Lwa saa touswit yo fin Salye Bossou ak Belekou. Li manifeste ak fòs tankoum ta ka di yon Bossou. E tou swit aprè li, yo salye Azaka
Agawou pase sou tè, plonje nan dlo e monte anlè. Sa vle di ou jwenn li sou tè, nan dlo ak nan van. Li ap gouvènen ak Agwe (lwa nan oseyan), Simbi (lwa nan lak ak rivyè), Gbadè (lwa nan van), Sogbo (lwa nan zeklè). Sonje Sogbo ak Gbadè pa janm separe menm jan Damballah ak Ayida pa kanm separe .
Agawou souvan reprezante sou fòm yon ti zandoli yo rele soud.
Yo sèvi li sou koulè ble maren ak blan. Yo itilize mouchwa wouj, gen kote se mouchwa jòn pou li🌠.
Li bwè diven ak wonm. Gen kote yo ba li manje kochon, gen kote se bèf. Gen kote tou se tou 2.
Atansyon!!! Moun pa pran plezi jwe ak fòs sa, zafè san se sal regle.
Lè lènmi barew, mande Agawou poul potew sou zèl li poul vole avèw tankou Frize a🦉
Gen moun ki di li se Lwa Lougarou, li fè moun Lougarou men se pa vre.
Comentarios
Publicar un comentario