Gedevi yo
🔴Gedevi yo se yon pèp ki te egziste. Yo te viv nan plato Abomry pandan plis ke 400 lane anvan pèp Adja te vin pran pòz vwazinaj ak yo, touye Wa yo, epi dominen yo. Dapre rechèch pa m sou teren an nan Dahomey, anvan l' te vin abite sou Plato Abomey a, pèp Gedevi a te migre soti nan rejyon ki rele Oyo, ki se jodi a yon teritwa anndan Nigeria.
🔴Se pandan pouvwa yon Wa Adja-Fon ki rele Agadja Dosou, Gedevi yo te sibi gro frap nan egzistans yo. Istwa Dawomen rakonte se apre Agadja te fini pa mete anba kontròl li teritwa pèp Gen an ki jodia rele Ouidah, Wa sa a vin fè fas kare ak kazèn militè blan Ewopeyen tankou franse ak Pòtigè ki te tou pre lanmè a. Se la, blan sa yo ki pote tit negriye machann moun te konn al vòlò gason ak fanm afriken ki abite nan vilaj tou pre lanmè yo, pou mete yo sou bato, mennen yo an Amerik vini nan esklavaj. Lè Agdja fin rankontre ak blan sa yo ki te gen gro zam fann fwa nan men yo ki gen poud a kanon, blan sa yo te fini pa arive konvenk li pou travay ak yo. Yo te kòronp li ak machandiz, kado li pat janm konn wè nan vi l anvan sa. Se konsa, apati lane 1720 yo konsa, Agadja ki pat janm fin alèz ak Gedevi yo, te koumanse fè mare yo pou remèt yo bay blan negriye machann moun pou voye majorite nan yo an Ayiti sitou, men nan Brezil tou.
🔴Egzése Vodoun se bagay ki te pi difisil, pou n ta di enposib anvan arive Gedevi yo. Kòm chak Afriken ki te rive an Ayiti, pè katolik yo te voye dlo desounen an sou yo (sa yo rele dlo beni a), dlo desounen sa a pat antre nan tèt Gedevi yo trò fon.
🔴Simityè nan tout vil nan koloni a, te bati sou menm prensip ak sa ki an Ewòp yo. Tout simityè te trouve yo a kote legliz yo. Lè m di Legliz, nan koloni yo, se te legliz katolik sèlman. Etan done ke rasis la se te prensipal règ jwèt sosyete kolonyal la, blan yo te antere nan pòsyon ki pi pre legliz yo.
Kòm espirityalite Afrikèn nan pat janm montre Afriken gen moun ki siperyè ak li, Gedevi yo konprann tou natirelman, yo egal ego ak blan Ewopeyen yo nan lanmò. Se konsa, Afriken sa yo ta pral koumanse konvèti kèk senbòl Ewopeyen nan legliz katolik an reyalite Vodoun Lafrik la. Bawon ki se premye moun ki antere nan yon simityè pral pran menm enpòtans ak Legba.
🔴Simityè te tounen yon lòt reyalite nan lavi Gedevi yo ki, an Afrik, pat konn antere mò yo lòt kote ke anndan kay, nan chanm kote moun nan tap viv la. Kòm yo te blije antere mò yo nan simityè selon prensip ki te enpoze nan koloni a, chak jou, ou detanzantan, yo te toujou al rann mò yo vizit nan simityè yo. Si blan yo, selon prensip katolik yo te konn al mete flè sou tonb, Gedevi yo te konn mete ti bout bannann, ti kleren, jete dlo, mete mayi ak pistach griye. E nan dat premye ak 2 Novanm, lè blan yo te konn mete bèl kostim yo, bèl rad mov yo ou koulè nwa ak blan, Gedevi yo te konn abiye ak rad dechire pou giyonnen blan yo ki ap pran pòz siperyè yo. Nan reyalite espirityel Gede yo, yon moun ki mouri dwe pase nan etap ki fè de li yon Lwa, ki vle di yon enèji ki ka manifeste lè l prete kò yon moun ki vivan pou yon ti bout tan. Se konsa anndan simityè yo, se la ki koumanse espas kote vivan al kominyen ak mò yo ki monte kèk nan yo, danse ak yo, bay bèl gouyad pou di tout bagay ap vire, tè a, lavi a an jeneral, se vire yap vire.
🔴Se pou sa Gede pote non Brav nan Nò peyi Dayiti. Paske se Gedevi yo ki te koumanse pran chans eksprime idantite espirityalo kiltirel yo anndan espas kolonyal la ki te entèdi ak aplikasyon penn lanmò kont tout moun ki ta bat tanbou ou menm fè ti mouvman bat men.
Se Gede yo tou ki te konn fè Vodoun anndan kay yo, lannuit. Pratik yo an Afrik te konn vle pou yo detere tèt mò yo apre 1 an 1 jou pou te plase tèt mò fanmiy yo nan yon ti kwen espesyal byen dekore anndan kay la pou fè seremoni regilyèman sou li ou devan l. Se pou sa blan yo te konn fòse Afriken yo ki an esklavaj pou yo louvri pòt lannuit pou enspekte pou wè sak ap regle anndan kay la. Pou yo te reziste, Gedevi yo te konn antere tèt mò yo anndan kay la epi fè seremoni yo sou tèt anplasman an.
🔴Lè n gade Konstitisyon 1805 Dessalines nan, gen yon atik ki deklare domisil ou kay prive yon sitwayen yo pa gen dwa vyole l, sitou ant 6 zè diswa e 6 zè di maten. Se te pou proteje dwa Ayisyen pou yo te ka pratike sa yo vle, sa yo santi yo an amoni ak yo anndan lakay yo, san pèsonn moun pa gen dwa anmède yo. Atik sa a te toujou nan tout Konstitisyon nou yo depi lè sa a. Men pèsonn moun pa janm eksplike pouki rezon, paske nou chwazi kache paj listwa peryòd kolonyal la an Ayiti.
Comentarios
Publicar un comentario